Rezistans
Tankou soulye dwategòch
nan tan depaman
chak nou vire gad dèyè
inosans zanfans madichonnen
anvi fè lapè ak dantan sankoutcha
ki sakrifye desten nou
byennere
ginen yo sipòte dans lan
tanbou yo pèdi po
men vwa yo pa chanje
douvan flanbo rezistans
tout van ap kontinye avèg
Powèt Valbrun Frantzley ( kolye an denmon, paj 51)
Nan tout peyi sou latè, kote lamizè ap taye banda, legzistans toujou rete yon pinga.